VYÒL AK SANTE MANTAL

VYÒL AK SANTE MANTAL

Publié: 5 ans de cela

Kòman Yon Moun Ka Repran n (Rekonstwi Tèt li) Li Apre Yon Vyòl?

KISA VYÒL YE

Nan dwa entènasyonal, nan kesyon vyòl, pa gen yon definisyon inivèsèl, li varye selon sistèm jiridik yo. Men selon Estati Wòm Pou Lakou Penal Entènasyonal (Statut de Rome de la Cour Pénale Internationale), yon vyòl se : « 1. Yon moun ki sezi, anprizonnen kò yon lòt moun, anplis ke l foure nan yon pati nan kò moun sa, nan pati seksyèl li (bouboun, twou dèyè), pati seksyèl pa l oubyen nenpòt lòt bagay, men m si se ta yon jan lejè.  2. Zak sa te komèt pa lafòs oubyen yo te fè presyon, menas sou moun sa ou nenpòt lòt moun, pa egzanp, menas vyolans, presyon, anprizonnen, presyon sikolojik, abi pouvwa, oubyen tou te gen yon anviwonman ki te favorab pou sa ou yo te itilize yon lòt moun sa pou oubyen ankò yo pwofite de enkapasite moun sa pou l bay konsantman li (sa vle di, poul di li dakò). »

Lakay nou, an Ayiti, vyòl la son krim, li pini pandan 10 lane ak travay fòse sil komèt sou yon moun majè, 15 lane ak travay fòse si se sou yon minè. Anplis, si vyolè a ta gen otorite sou viktim lan menm, li ka pran prizon pou tout rès vil, selon atik 278, 279, 280 KÒD PENAL LA. Vyòl la se yon krim ki mache ak vyolans, atak ak dominasyon. Li pwovoke lakay moun gwo soufrans fizik ak mantal. Pou ‘’Anmesty International’’, li se zak maltretans ke Leta responsab si l pa fè prèv rapidite l nan anpeche, pini ak repare yon tèl krim.

PERÈZ MO “VYÒL” LA

Nan kesyon vyòl, fanm viktim yo pè mo a paske yo pè “Mak, Tras, Etikèt” ke lòt moun, jeneralman, mete sou yo. Anpil fanm kon n pa site mo vyòl, yo prefere pale de agresyon epi pale de sa yon jan vag tankou se pat enpòtan. Nan yon lòt sans, nou gen ka dam (Madan Debou[1]) sa ki te pale nan radyo Eklè a, nan emisyon Maten Deba, ki brize silans lan nan rakonte istwa pa l kèk jou apre l fi n jwen n liberasyon l, apre ke l te kidnape epi pase plis pase yon mwa nan men kidnapè yo.

Gen anpil moun bagay sa yo rive ki kenbe silans epi mande antouraj yo pou respekte silans yo, men y ap soufri an silans, se tankou yon gwo pwa y ap pote chak kote yo pase.

KI KONSEKANS VYÒL GENYEN SOU MOUN KI SIBIL ?

Nan yon tan kout, viktim vyòl ak vyolans seksyèl yo ka soufri anpil pwoblèm emosyonèl, sikolojik ak sante fizik. Anpil gwo pwoblèm, konsekans ka kòmanse ap parèt nan fonksyonman moun nan ak antouraj li, jan l adapte l, jan l eksprime emosyon l, memwa l, konpòtman l, atansyon l, ak lòt.

Pwoblèm emosyonèl ak sante mantal :

Moun ki viktim , yo gen plis risk pou w remake sa yo lakay yo:

  • SENDWOM ESTRÈS PÒS TWOMATIK (Syndrome de Stress Post-Traumatique – SSPT). Jeneralman, moun yo soufri de SSPT sitou paske sa ki rive a afekte yo nan kò yo men sitou nan nanm yo (esans yo), sa ki kon n lakoz ke mekanis defans ki ta ka ede yo jere twomatis sa parèt fèb pa rapò ak jan sa touche moun nan. Men kèk sentom ki ka fè n remake sa:
  • panse touye tèt li oubyen fè tantativ pou l touye tèt li ;
  • depresyon (moun nan an mal makak – movèzimè, li wè tèt li mal – souzestime tèt li, l ap akize tèt li – otoakizasyon, moun pa jwen n plezi ni gou pou l viv, li dekouraje ak tout bagay) ;
  • anksyete (moun nan pè anpil – laperèz, li sansib anpil anpil, moun nan toujou ap veye –ipèvijilans), evite kote oubyen moun ki ka fèl panse ak sitiyasyon sa – evitman, li ap fè kochma, paka domi oubyen domi twòp, manje anpil anpil oubyen paka manje, ap reviv evenman yo toutan – revivisans. Men tou, fòk sentom sa yo pèsiste pandan pi piti yon mwa.
  • Moun nan devlope konpòtman agresif, l ap blese tèt li, boule po li, moun nan dekonekte ak kò li,
  • Gen jèn ki kon n gen pwoblèm akademik, ki pa ka bay bon rezilta ankò oubyen abandone etid yo.
  • Genyen ki lage kò yo nan bwè anpil alkòl oubyen itilize anpil dwòg, genyen ki itilize anpil patenè seksyèl ki riske ba yo enfeksyon tou oubyen gwòs avan lè,  ak yon pakèt lòt konpòtman riske ke jèn yo sitou konn devlope apre yon evenman parèy.

KÒMAN YON MOUN KA LIBERE L DE YON TWOMATIS PARÈY?

Gen plizyè chimen yon moun ka pran pou l sa libere l de yon twomatis parèy. Chak fanm ka mete kanpe pwòp fason defans pa yo, pwòp fason pa l pou l kontinye viv ak kenbe. Nan ka madan Debou, nou tout tande ke l pale de sak rive a epi vle repran n aktivite l, malgre ke l parèt bonè pou l ta repran n aktivite l yo kòm sa dwa. Men l vle repran n Lavi nòmal li k ap ede l soti tèt nan wòl viktim (viktmizasyon) nan (ki enpòtan). Sonje pa gen resèt mirak, ni posyon majik ke yon moun ka itilize pou l anfòm paske vyòl la  l gangrennen la vi moun nan, li mete sante l atè plat. Se tou yon vyolasyon kò yon moun ki touche nanm li, sal ye, esans moun nan. Lè yon moun vyole yon lòt moun, li souye moun nan, li sal kò l ak nanm li, li mete tach sal ak santi sou li, li krache sou li, li dezonore li, li avi l, elatriye.

MEN KÈK MWAYEN YON MOUN KA ITILIZE POU L REKONSTWI TÈT LI :

  1. Yon n nan etap enpòtan se PWOTEKSYON, yon moun ki viktim vyòl ap bezwen santi l an sekirite pou l repran n aktivite l (malgre se pa ka pa nou an Ayiti). Moun ki te sibi vyòl la vi n pa fè moun konfyans sitou gason, laperèz anvayi l. Alòs, moun sa ap bezwen yon ti kote kòm refij li, yon espas kote l santi l an sekirite pou l mache san kè sote.
  2. Apiye sou rekonesans lòt moun, lòt moun ki rekonèt ke w te viktim de yo vyòl, k ap pemèt ou depase konsekans debandad, dezòd, laperèz, lawonte, ak kilpabilite oubyen akize pwòp tèt ou pa rapò ak sak pase a. Se yon etap vrèman enpòtan pou sa ede w nan rekonstwi tèt ou.
  3. Pratike espò nan espas ki fèt pou sa, fè meditasyon (tankou Yoga), al nan kou dans, ofri tèt ou kòm benevòl nan asosyasyon pou bay èd imanitè. Sonje, pami tout sa yo, espò a se yon n pami tout k ap ede w vide lespri w pi rapid.
  4. Dekonsantre w, demare tout kòd ki te anpeche w pale, pou w sa mete pawòl la deyò epi fè yon istwa ak li, pale li. Jeneralman ou jwen n posiblite sa plis nan terapi, oubyen patisipasyon moun sa nan gwoup pawòl (kote ki gen plizyè moun ki nan men m sitiyasyon an) oubyen gen yon zanmi ou fanmi ki mete zòrèy li a lekout (ekout aktiv) pou moun sa.
  5. Repran n konfyans nan LAVI. Apiye w, asire w sou sa w te kon n fè déjà, sou moun ou renmen ak moun ki renmen w. Devlope plis relasyon lanmou (afektiv) dirab ki kapab ede w santi w yon lòt jan, repran n gou nan lavi, rejwen lanmou ak konfyans pou tèt ou (estim pou tèt ou, lanmou pou tèt ou) ak lòt moun.
  6. Yon moun ki te sibi vyòl kapab pratike aktivite atistik. Se toujou difisil pou moun nan pale de sitiyasyon sa, gen moun ki kon n men m rive pèd pawòl apre yon zak konsa. Nan ka sa yo, moun yo ka chante, konpoze pwòp mizik pa yo, oubyen tou fè desen, penti, eskilti ak lòt pratik atistik k ap kapab ede yo eksprime sa yo santi.
  7. Li egalman enpòtan lòske viktim nan rive pote plent epi gen pwosè, li pèmèt non sèlman victim nan reviv sak te pase a epi soulaje ankò yon fwa, jwen n yon tribinal ki rekonèt li kòm viktim, men tou santil pi soulaje pa desizyon tribinal k ap ran n jistis ekitab nan kondanasyon vyolè sa.

KONSÈY ENPÒTAN

SONJE : Apre yon vyòl ou gen 72 zèd tan (sa vle di 3 jou) pou w gentan ale lopital pou yo sa baw medikaman pou evite w pran kelkeswa enfeksyon oubyen maladi moun ka trape nan fè bagay, tankou VIH/SIDA. Nan tan sa tou, mande ak lopital la oubyen sant sante a yon sètifika medikal k ap sèvi w kòm prèv pou w sa al pote plent nan Lapolis ak fè swivi nan Lajistis.

Boutofen, pou m konkli, pi gwo defi yon moun ka leve se sòti tèt li nan wòl viktim (viktimizasyon) lan, paske toutotan w pran lavi w an men, toutotan w respekte tèt ou ak konnen limit ou, se toutotan moun ap ba w respè tou. Chak moun dwe pran lavi yo an men e o serye.

Pran san w kon n tèt ou, kontwole emosyon w yo, jan w ap aji ak reyaji, tout sa yo ap ede w mete tèt ou deyò. Fonksyone ak lòt moun egal-ego, pa gen lòt ki pi enpòtan ou mwens enpòtan, nou tout enpòtan menm jan.

SONJE: RENMEN TÈT OU, PRAN SWEN TÈT.

Wilcox TOYO, Sikològ

Pwofesè Inivèsite,

Prezidan Sosyete Ayisyen Sante Mantal


[1] Se non ke mwen menm mwen bay madan m nan.

Open chat
Salut,
Comment puis-je vous aider?