POUKISA AK KÒMAN N KA REKONSILYE AK TÈT NOU ?
POUKISA NOU DWE REKONSILYE AK TÈT NOU ?
Poukisa nou pa an akò ak tèt nou ? Anpil fwa nou pa men m pran tan nou ak san nou poze tèt nou kesyon sa, paske nou kon n bliye si n ap soufri epi n di tèt nou ke demen sa ap mache, lavi ap kontinye malgre tou.
Men an reyalite, nou sakaje nan tout sans, anndan nou, nou sakaje, n ap kriye, n ap rele, nou an kòlè. Nan nanm nou n ap soufri, nou fatige, tout kò nou se doulè, tèt pa la, Lavi nou bwouye epi nou san fòs, nou vid.
Nan yon sans, nou pè gad tèt nou, nou pè wè eta nou, nou pè pou yo pa jije nou, nou pèdi konfyans, nou mete tèt nou atè, anplis ke n santi lòt yo wo pa rapò ak nou, nou santi nou enferyè. Souvan, nou gen enpresyon ke Lavi nou ap mache de pwoblèm an pwoblèm san kanpe, se tankou yon chay n ap pote san rezon, san kon n kote n ap rive.
Men sa nou kon n bliye dè fwa, pil montay sa yo nou wè devan nou tankou pikan kwenna, kon n la menm pou evalye nou, gade èske n ap avanse oubye n ap fè bak epi depase laperèz ki anvayi nou yo. Chak obstak sou chimen nou se yon eksperyans ki la pou fòme karaktè nou epi pèmèt nou avanse nan sousi pou n sa gen yon Lavi ki dous (oubyen pi dous).
Lakay nou an Ayiti, nou gen yon pakèt pwovèb ki montre jan nou wè tèt nou tankou : « Pito nou lèd nou la. Pitit se byen malere. Bat men ankouraje chen.… » Pil pwovèb sa yo montre jan nou wè tèt nou. Anplis, li pwouve ke nan sikoloji ke yon timoun ki te viv anpil move moman, ki te viv nan mizè, grandi nan mizè ap gen tandans repwodwi men m bagay la. Yon moun ki te blese k ap repwodwi men m bagay la panse ke jan l ap aji a se nòmal paske se sa yo men m li te viv. Anpil fwa, moun sa yo tèlman sipòte de move bagay ki lakoz ke tout sa yo santi se degou, imilyasyon, lapenn, touman, tristès ak dezolasyon ; anplis ke l vin difisil pou yo fè diferans ant bon moun ak yon move moun.
Nan yon seri de lòt ka, moun yo kon n tou senpman eseye pwoteje tèt yo nan move fason an, san yo pa ran n yo kont ke y ap fè lòt moun soufri.
An n pran yon egzanp :
REKONSILYE AK TÈT NOU : POU N BAY TÈT NOU LANMOU AK PWOCHEN NOU
Alòs, Pou n viv an Pè, li nesesè pou n rekonsilye ak tèt nou. Soufrans anndan nou yo, yo nan nou chak, li enpòtan pou n konpran n ak metrize yo pou n sa viv nan akò ak tèt nou epi ak lòt moun.
Men m si n pa ta konsyan de soufrans sa yo, fò n konnen ke yo la, ke yo fè yon sèl ak nou, ke yo ka fè n santi n mal epi mete n an kòlè, fè n pale mal ak moun, kraze de fwa.
Oken n moun pa pafè. Nou dwe aksepte erè nou te fè nan tan pase yo, soufrans yo, ke se yon n ou plizyè moun ki te lakoz. Nou dwe PADONE. Nou chak gen nan nou LIMYÈ AK LANMOU. Padone tèt nou de tout sa n te fè ki pa bon, ap ede n grandi.
Anpil fwa, mank lanmou pou pwochen nou soti nan mank lanmou ke nou genyen pou pwòp tèt pa nou. Se yon gwo travay ke nou dwe fè. Nou dwe kòmanse renmen tèt nou dabò, sa nou ye, jan nou, kalite n ak defo n. Nou pa dwe nan goumen ak sak parèt oubyen ki negatif yo nan nou, okontrè, nou dwe ba yo lanmou, resevwa yo, sinon, n ap fin chase yo epi y ap retounen. Sa nou dwe fè, se fè yon inyon ant limyè ki nan nou yo ak sak parèt negatif yo. Nou yon n pa diferan de lòt. Nou tout gen limyè ak kote fè nwa lakay nou.
LANMOU VERITAB LA, SE AKSEPTE TÈT NOU JAN NOU YE A DABÒ. Se anplis rekonèt ke gen yon pati nan nou k ap soufri epi ki domine nou, ki anpeche n pataje lanmou ak lòt yo. E, san n pa rekonèt kiyès nou ye, nou pap ka vanse ni ede lòt, ni renmen lòt. San sa nou pap ka chanje jan nou vle a. Rekonèt jan w ye a pèmèt ke w padone epi travay pou chanjman an.
LIBERE N DE ANSYEN SOUFRANS YO.
Soufrans, desepsyon ak kalamite rete tankou yon tach nan lavi nou, tankou yon maleng ki pa jan m geri. De fwa, kòm yo di l, soufrans sa yo kon n la pou fòje karaktè n, ran n nou pi fò, men tou se men m soufrans sa yo nan tan pase yo ki pwal anpeche n renmen tèt nou ak pataje lanmou ak lòt yo. Ebyen nou dwe libere n de yo. Nou dwe viv yon lanmou sensè. Pou n libere n de yo tout bon, nou dwe rantre nan rekonsilyasyon ak tèt nou dabò.
KÒMAN N KA REKONSILYE AK TÈT NOU ?
5 ETAP POU N REKONSILYE AK TÈT NOU
Nou chak k ap viv gen yon jan nou wè tèt nou. Genyen ki wè l byen, genyen ki wè l mal. E si jan n wè tèt nou an se ta yon rèv (sa vle di l pa reyèl) ? Jan n wè reyalite a, èske l pa diferan de jan lòt moun wèl? Èske se pa mal nou mal konpran n li ? Nou pa ka nan fenet la epi an men m tan pou n ap gade n k ap pase nan lari a. nou bezwen yon lòt moun ki pou ede nou, ki pou di n sa l wè, sa l konpran n. sa nou wè a nou men m se lonbraj istwa sansib nou ak eksperyans ki makònnen ak espas n ap fonksyone. Louvri nou ak lòt moun, lòt kilti, lòt pèp, lòt epòk. Pa rete fèmen tankou zannimo nan kaj, men pito al chache dekouvri lòt bagay epi nan va wè jan gen bèl lòt nanm. Repanse sa n kwè yo paske yo ka de enstriman ki fabrike men m pou anpeche n avanse. Pa egzanp, gen anpil relijyon men m ki kreye pouf è n kwè yon seri bagay ki fè n kole nan yon labou pou lavi n pa janm amelyore. Yo fè n konnen ke bèl vi se nan syèl sa chita, nou dwe aksepte tou mizè sou latè. Se de kwayans mal fagote ki la pou anpeche n travay kòm sa dwa pou n gen yon bon vi sou latè. Nou dwe viv byen, Kreyatè a fè nou pou n viv byen. Remete tout kwayans ki mete n nan yon vi mizerab an kesyon, analize yo epi chanje yo nans sans yon bon vi.
Pran tan n, pran san n, chache kon n istwa n ak tout eksperyans ki gen a wè ak jan n wè kò n, tèt nou. Pami tout eksperyans yo, kiyès ladan yo ki lakoz nou desan n nan twou sa, ki kreye distans ant sa n ye ak sa n panse n ye? Repase tout sa n genyen kòm eritaj, fè yon bilan de lavi nou (edikasyon anviwonman, kalite, defo, kwayans, elatriye.). Regade pase nou pou n sa byen viv pi byen prezan n epi byen panse fiti n. Nou dwe pati ak yon mantal nèf pou yon lav itou nèf.
Lè nou konplekse (difisil) ak santi yon pa byen, nou pè pou zanmi ou fanmi n pa kite nou oubyen abandone nou, se tou nòmal pou n bezwen asirans. Asirans sa nou dwe ale chache l kote moun nan antouraj nou, moun nou fè konfyans, moun nou renmen epi ki renmen nou. Sa rive toutan ke, lefèt ke nou wè tèt nou mal, nou santi n lèd, nou pa merite zanmitay sa, lakoz ke nou pa kwè nan pawòl zanmi ak fanmi n yo. Ben, nou dwe panse tèt nou, kwè nan tèt nou pou n sa kwè nan lòt yo. PADONE. Nan sousi pou jwen n gerizon men m, pou kèk sikatris ta rive efase. Nou dwe aksepte padone lòt yo ki te blese nou, ki te foule ak tòdye nan m nou.
Souvan nou pran plezi konpare tèt nou ak lòt moun. Dè fwa, nou menm mete n nan plas lòt moun nan, nou se li menm menm. Mòd konpòtman sa ka fè n santi n byen lòske gen resanblans, men tou li ka ran n nou malad (toumante, deprime) lòske pa gen oken n rapò ant nou. Alòske nou dwe rete nou menm. Ebyen, pou n sispan n konpare nou ak lòt moun, nou dwe travay toutan sou tèt nou pou n kon n tèt nou pi plis ak pi byen, sa k ap pèmèt nou sispan n tan n se lòt la ki pou ban nou lanmou avan men m nou bay tèt nou. Sonje : Konaprezon pa rezon.
Anpil fwa, nou rete kwense kò nou, nou pè sòti, nou pè gen zanmi, anfen, nou pè viv. Ebyen, fò n pran abitid bay tèt nou bon jan swen, ba li oksijèn ke l bezwen epi pratike espò (fè egzèsis fizik), sa ap pèmèt nou voye estrès ale. Nou ap toujou santi n pi byen lòske kò n pa rèd, lòske mouvman kò a lwil. Men, se pa sèlman kò a, lòske lespri n lib, nou panse pozitif. Lòske nou wè lavi ak espwa, ebyen sa ran n fonksyonman n pi nòmal. Gen de moun ki gen andikap, ki pa renmen kò yo, ki wè tèt yo mal anpil. Ebyen moun sa yo dwe apran n renmen kò yo jan yo ye a paske yo pwal viv ak li konsa. NOU TOUT DWE DESIDE AKSEPTE KÒ NOU JAN L YE A. Pa blanchi po nou. Renmen tèt nou. Plis ou renmen tèt ou ak aksepte l jan l ye a, se plis w ap jwen n moun renmen w epi aksepte w jan w ye a.
Pou n fini, kite m di nou ke jan nou gade tèt nou, se konsa lòt ap gade nou. Si nou rayi tèt nou, se pa lòt moun ki pwal vi n renmen l pou nou. Se dwa nou pou n vle sa ki bon pou nou, pou sante nou, pou n viv byen. Nou dwe chak jou devlope plis kapasite pou amelyore kondisyon lavi nou epi viv pi byen.
Chak jou, nou dwe ap netwaye memwa n pou n retire tout fatra (tout sa k ka anpeche n avanse) epi pou n sa santi n lib e libè, libere n de tout pil kwayans ki kokobe n, anpeche n wè tèt nou kòm bèl moun, bèl nanm. M ap pale la de yon bote san filtè k ap devwale n sa n ye tout bon.
Kale je n, gade lavi n diferan de anvan, gade tèt nou yon lòt jan. SE DWA N POU N VIV BYEN (toujou sonje sa). Toujou panse a kreyatè nou, mirak kreyasyon an, pil reyaksyon biyolojik ak chimik ki mete n sou latè.
Epi poze tèt nou kesyon sa : Èske n pa fèt pou viv byen, lib, ak bay kreyatè n Glwa ?
Wilcox TOYO, Sikològ
Pwofesè Inivèsite,
Prezidan Sosyete Ayisyen Sante Mantal